30/04/2023
PREKOSION PA KAPON
1- Tout kote you moun gen poul ale, fòk li asurel ke gen youn ou 2 moun ke li konn nom yo e ki ka reponn telefòn li a nan kote sa a pou sizoka yo ta mandel poul rele you moun kote li prale a ki ka idantifyel e fòk li konn adrès la ak numero telefòn yo detèt.
2- Li enpòtan tou pou nou toujou gen you piès pou idantifye nou.
3 - Pa mache ak tròp bagay ki enpòtan ki pa nesesè sou nou, ni bagay ki gen valè.
3 - Mache pi senp ke posib.
4 - Li enpòtan pou souligné sa yo: TOUT JEUN KI TE KONN GEN STIL PANTALON SOU DÈYÈ, TÈT TRESE, TATWAJ, ZANNO, KI AP MACHE AL NENPÒT KOTE AK SANDAL KAOUTCHOU AK BA, KI AP METE GWO DIAKÈT OU BIEN SHANDAY PANDAN KE GEN SOLÈY, pou nou pa ekspoze nou nan la ru.
5 - Abiye desan pou nou pa fè moun pran nou pou sa nou pa ye!
6 - evite konpayi moun nou pa konnen.
7 - retire tout sa ki ka konpromèt nou sou telefòn nou. Dialog, foto, vidéo, kòmantè etc...
8 - sa ki ap pase kounie a dwe sèvi nou de leson pou nou konnen ki jan pou nou sèvi ak telefòn nou.
9 - Toutotan ke nou ka genyen you EDEM PEZE, pou nou sòti, lap pi bon pou nou.
10 - evite mete vi prive nou sou telefon.
11 - evite rete deyò san bezwen.
12 - chak kote nou rive, enfòme moun lakay nou pou ke yo genyen enfòmasion sou ki kote nou ye e pou yo ka ba nou enfòmasion de situasion ki ap evolue nan la ru yo.
13 - toujou kite you numero ak nom moun kote nou prale a lakay nou de fason ke yo ka kontakte moun yo si yo pa ka jwenn nou!
14 - pa pran anyen nan men moun san ke nou pa bien konnen bay kiyès nap potel, ki sa li ye e ki kote nap potel. Evite miyò! Ni pa kenbe anyen pou you moun, menm pou you second, siw pa konn ki sa li ye! Se wè pou wèl!
15 - pa pran roulib san rezon e sutou nan men moun nou pa konnen. Evite miyò!
16 - nenpòt moun ka metew an danje paske ou pa konn kiyès ki pa renmenl! Evite miyò!
17 - toujou priye avan ke nou pran laru a.
18 - Evite kanpe you kote ke nou pa metrize pou nap komunike ak telefòn nou. Se you gwo danje! Evite monte desann nan you zòn ke yo p konnen nou!
19- evite ale kote nou pa bien konn adrès la. Pran tout enfòmasion ke nou bezwen avan ke nou deplase.
20 - PRUDENCE, PRUDENCE, PRUDENCE!
🙏🏾de gras!