13/01/2025
12 Janvye 2010-12Janvye 2025
Jodia gen moun kap jene, genyen kap jete dlo, genyen tou se gwo rityèl konsa genyen tou kap fete...
Deja 15 lane depi gwo tranbleman te sekwe tè peyi Dayiti epi te pote ale anpil frè ak sè nou ak yon elatriye viktim san nou bliye anpil byen materyèl... brèf
Kisa ki te lakòz tout dega sa yo? Kisa ki te dwe fèt ki pa fèt? Kesyon yo anpil ...
Aprè tranbleman te fin pase, se te yon opòtinite san parèy poun te relanse nou nan jan nap konstwi, se te yon opòtinite poun te rekonstwi Peyi a. Se te yon opòtinite poun te relanse nou sou plan sosyal, sou plan ekonomik...
Men malgre tout opòtinite sa yo, anyen pa fèt. Se te pito gagòt nan tout sans, se te pito kèk gwoup moun malonèt ki te pwofite fè bè yo, se te pito yon bann fo ONG ki te pwofite blanchi lajan. 15 lane aprè moun yo konstwi pi mal ke avan. 15 lane apre pa gen anyen ki di sou koze ibanizasyon. 15 lane aprè moun yo toujou refize bay teknisyen konpetan travay pou yo. tankou yo bliye si Ayiti se yon peyi a risk sismik . Kote Leta? Malgre tout risk sismik ki gen sou peyi Dayiti, yo pa ansenye nan lekòl yo ki konpòteman pou moun genyen lè jan de katastwòf sa yo. Gen legliz menm ki kontinye ap plonje moun yo nan inyorans di yo se akonplisman tan an. Akonplisman an se pou Ayiti li ye sèlman? E lòt kote tè a souke pifò yo, e ki pa anrejistre tout dega sa yo?
Eske se yon lòt katastwòf nap tann poun pran konsyans?
Antouka yon lòt tranbleman ta pase a menm mayitid la sou peyi a lap koze plis dega ke 12 Janvye 2010, dezole si se konsa m dil. ..
Ann pa rete nan basen inyorans la, pran konsyans ke se yon enperatif poun konstwi parasismik. Sispann bay Tipòl, Tipyè, Tijan konstwi paske nou pretann nap depanse mwens.
Siw pat konnen banm diw sa, byen konstwi se yon envestisman tande zanmim
Tranbleman tè pa yon fatalite, se nou ki pou byen konstwi
Jean Mitterrey PETION Ing.C