Sant Kiltirèl Louvri Je

Sant Kiltirèl Louvri Je Promouvoir la culture en faisant projection sur la cohésion sociale et les valeurs humaines.

Randevou kase pou 29 novanm nan Sant Kiltirèl Louvri Je.
26/11/2024

Randevou kase pou 29 novanm nan Sant Kiltirèl Louvri Je.

01/11/2024
31oktòb 1919- 31 oktòb 2024, 105 lane depi konze ak kolon meriken simen dèy pami nou. Yo fè kò sasinay sou chalmay Peral...
31/10/2024

31oktòb 1919- 31 oktòb 2024, 105 lane depi konze ak kolon meriken simen dèy pami nou. Yo fè kò sasinay sou chalmay Peralt ki tap batay pou retabli dwa grandètmajè nou kòm pèp.Chalmay Peralt se ewo anblematik rezistans kont lokipasyon blan meriken. Chalmay Peralt se modèl patriyòt nou vle ki pou boujonnen nan peyi a.
Mouvman Pou Ramase Chalmay Peralt ak Benwa Batravil deside kenbe menwa Chalmay Peralt vivan mitan jenès la. Chalmay se senbòl rezistans.

Moun kap batay pou libète ak byenèt se kako. Ochan pou Chalmay Peralt ak Benwa Batravil.

inyorans se Betiz.

Pou Ramase Chalmay Peralt ak Benwa Batravil.

Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal tou Nef RASIN

Rezistans

Yon lòt fwa Ankò, Sant Kiltirèl Louvri Je ap envite w nan  Yon  kozri kap fèt nan dat 25 oktòb kote nap boukante lapawòl...
19/10/2024

Yon lòt fwa Ankò, Sant Kiltirèl Louvri Je ap envite w nan Yon kozri kap fèt nan dat 25 oktòb kote nap boukante lapawòl sou sijè sa: kòman nou kapab sèvi ak pratik batay François Borgia Charlemagne Massena Peralte ak Mouvman kako an nan reprann souverente Ayiti.
Entèvenan: Malachy Bastien,Antropo-sosyològ
Moderatè: Dumornay Wilguentz
Lè a : 4 h
Lye: 74, ri Vodre Belo

Vendredi 25 oktòb, Yon sel randevou Sant Kiltirèl Louvri Je. Nap tann tout Moun.

Nou kontan anpil pou nou envite w patisipe nan twazyèm seri konferans UCRAH ak SKLJ k'ap fèt an liy e an prezansyèl , ki...
17/10/2024

Nou kontan anpil pou nou envite w patisipe nan twazyèm seri konferans UCRAH ak SKLJ k'ap fèt an liy e an prezansyèl , ki ap analize efè ak enpak politik agrè Dessalines sou sosyete ayisyen an jodi a.

Nan okazyon pou nou fête yon ane egzistans UCRAH, nou pral diskite sou reyalite ak leson ki ka tire nan politik Dessalines yo, nou pwal reflechi sou fason nou ka reenvante devlopman peyi a nan kontèks modèn nan.

Dat: 17 oktòb
Lè: 5 è
Kote: #74 Bwavèna, ri Vodre Belo

Lyen pou swiv konferans lan an liy :meet.google.com/vic-izbp-jgx

Zanmi kamarad, Yon fwa Ankò Sant Kiltirèl Louvri Je envite nou nan kozri sa kap fèt nan dat 27 septanm anba tèm: agwo-ek...
16/09/2024

Zanmi kamarad, Yon fwa Ankò Sant Kiltirèl Louvri Je envite nou nan kozri sa kap fèt nan dat 27 septanm anba tèm: agwo-ekoloji peyizan e otosifizans alimantè: defi ak pèspektiv.

Ann reviv konferans 30 dawou a nan Sant Kiltirèl Louvri Je atravè Kèk imaj. Pou rapel konferans Sila te fèt sou tèm: 179...
09/09/2024

Ann reviv konferans 30 dawou a nan Sant Kiltirèl Louvri Je atravè Kèk imaj. Pou rapel konferans Sila te fèt sou tèm: 1791-2024, Sans ak Siyifikasyon revolisyon esklav yo nan lit Pou liberasyon pèp Ayisyen an.

Ann Vizyalize  Kèk imaj sou konferans 30 dawou a.
08/09/2024

Ann Vizyalize Kèk imaj sou konferans 30 dawou a.

Nan dat ki 30 dawou, Sant Kiltirèl Louvri Je te òganize Yon konferans deba sou sijè sa:Ayiti 1791-2024, sans ak siyifika...
08/09/2024

Nan dat ki 30 dawou, Sant Kiltirèl Louvri Je te òganize Yon konferans deba sou sijè sa:Ayiti 1791-2024, sans ak siyifikasyon revolisyon esklav yo nan lit Pou liberasyon pèp Ayisyen. Se te Pwofesè Derinx Petit-Jean ki tap mennen diskisyon yo.

Adresse

Rue Vaudré Bellot
Hinche

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Sant Kiltirèl Louvri Je publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Type