MTPTC Bi nou se respekte misyon nou.

Reparasyon wout Devan legliz misyon pala fwa pou monte kalas lan kòmanse jodia , Ekip TPTC Grandans lan ki gen nan tèt l...
25/02/2026

Reparasyon wout Devan legliz misyon pala fwa pou monte kalas lan kòmanse jodia , Ekip TPTC Grandans lan ki gen nan tèt li ING Kesnel Paris lanse amenajman sila aprè plizyè doleyans.

Ou ka toujou kite doleyans yo anba post nou yo , depi ou wè wout ou wè nou👇🏿👇🏿

12/02/2026

Direktè Travo Piblik Grandans te reponn kesyon T-Nèg Dammari Live la sou koze wout Jeremi pourive iWA.

11/02/2026

Travay yo ap komtinye sou wout jeremi pou rive mafran , gwo amelyorasyon kòmanse sou wout lan.

11/02/2026

Direktè Travo Piblik Transpò ak kominikasyon Grandans lan Ing di rèv li , se wè Wout Jeremi pou rive iWA fèt , El ta renmen depoze premye pyè an , poko gen kòb ki debloke sou direksyon pal lan pou wout sila .

Travay yo ap kontinye vanse sou wout Mafran Ann gade kèk imaj ak nou , chofè moto chofè machin fokus👇🏿👇🏿👇🏿
06/02/2026

Travay yo ap kontinye vanse sou wout Mafran Ann gade kèk imaj ak nou , chofè moto chofè machin fokus👇🏿👇🏿👇🏿

Ministè Travo Piblik Transpò e Kominikasyon nan Grandans ap anonse chofè moto , Chofè machin ak moun kap viv nan lokalit...
04/02/2026

Ministè Travo Piblik Transpò e Kominikasyon nan Grandans ap anonse chofè moto , Chofè machin ak moun kap viv nan lokalite, Bivèt dekade,Ravin blanch , gelen , tesye, mafran ak lòt zò’n nou pasite yo Direksyon Travo Piblik la relanse travay li sou wout lan ranbleye trou ki sou wout lan pandan lòt prosesis yo ap lod .

01/12/2025

Aprè yon lane direktè Kesnel chanje Bwat TPTC an .

29/11/2025

La Fyesta , anplwaye TPTC An nan pol🥰, aktivite a te bèl jodia tout anplwaye yo te vin fete En nan Drt Kesnel Paris nan tèt bwat la.🥰

28/11/2025

Konsa Anbyans lan te ye nan lakou MTPTC an .

Anbyans lan te orandevou yon maryaj anplwaye ak direktè .

28 Novanb 2024 / 28 Novanb 2025 Deja yon lane pou Mesye Kesnel Paris nan tèt Bwat Ministère travo piblik transpò ak komi...
28/11/2025

28 Novanb 2024 / 28 Novanb 2025 Deja yon lane pou Mesye Kesnel Paris nan tèt Bwat Ministère travo piblik transpò ak kominikasyon.

Pou Selebre yon lane nan tèt bwat Travo piblik Grandans lan Direktè Kesnel Paris Reyini ak tout anplwaye yo nan Lakou bwat la , pou dyaloge de travay yo fè ansanm pandan En nan e kisa yo dwe aranje ou amelyore nan travay yo te fè lan pase a , Anplwaye yo apresye inisyativ lan.

Yon lane travay ak anpil detèminasyon ki debouche sou plus motivasyon ki pral bay plus satisfaksyon bòkote anplwaye e bòkote kominotea.

Ann gade Kòman sa te ye nan Lakou an 👇🏿👇🏿🍾🍾🍾

Direksyon ministè Travo piblik ak kominikasyon nan depatman grandans enstale yon nouvo administratè nan biwo an jodi mad...
25/11/2025

Direksyon ministè Travo piblik ak kominikasyon nan depatman grandans enstale yon nouvo administratè nan biwo an jodi madi 25 Novanb 2025 lan nonl se Ulysse Emmanuel Joseph jè’n gason trè promèt , Direktè KESNEL PARIS Reyalize youn nan rèv li pou bwat la , bwat la tap fonksyone San administratè aprè plizyè deseni , yon benediksyon Ki vini gras ak sipò minis Mtptc an mesye Raphaël Hosty.

Direktè Paris Anonse aprè nominasyon sa travay yo prale pi rapid, Ann gade kèk imaj pandan enstalasyon an 👇🏿👇🏿

19/11/2025

Adresse

Château
Jeremie

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque MTPTC publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Type