26/07/2022
✅Sa'w dwe konnen plant sa ke nou konn rele " Je bourik la":
👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt moun
Si w gen boutèy kòs serye w lakay ou, ou dwe graje yon ti tyenng nan plant mirak sa mete ladan l...youn nan pi gwo zam ki gen nan lanati. Youn nan pi gwo antipwazon sou latè, anti vant fè mal san kanpe, rabi ou pa. Yo itilize ekstrè nan li pou trete ilsè gastrik, Kijan plant sa rele lasosyete? Plant sa ra anpil, menm moun ki konn fwi a pa konn pyebwa a pi rèd toujou. Se pa bagay ou jwenn tout kote menm. Ebyen, jodi a n ap gen chans anpil lòt pa gen pou wè plant mèvèy sa ki pwodui fwi mirak sa. Pyebwa a se yon lyann ki ka anvayi jaden w nèt. Gous li long anpil anpil, e se anndan gous sa yo n ap jwenn grenn yo, anpil fwa i gen fòm yon kè. Se pou sa yo konn ba l ti non: heart-seed (grenn kè). Li p ap gate si w pa mete l nan twòp imidite ou kote ki mouye. Ou ka lese l nan nenpòt kwen lakay ou, l ap ba w plizyè ane, chak ou bezwen ou graje ti kal. Se yon plant frajil, dozak la enpòtan; pinga malè itilize twòp. Malfektè itilize l pou konpoze pyès tou. Tout plant yo gen de mannyè. Se nou moun tout bon ki pou itilize yo byen pou fè byen.
Lè w gen yon moun k ap soti Ayiti, fè pote pou ou, yon grenn lan k ap fè w zan. Ou pa dwe pa genyen l nan kwen kay ou. Gen moun ki itilize l pou jan l fò e kwape vye enèji e rale chans, yo rele l Luck bean/seed (pwa/grenn chans). Gen moun ki toujou gen 1 a 3 grenn nan pòch yo, konsa tou moun konn fè bijou ak li pou mete lakay yo ou pote sou yo. Annikòn/silikòn se youn nan Mèt Plant ki genyen sou latè. Chaje bagay li ka fè men n ap kanpe la.
Ayisyen souvan pran plant yo pou sekrè pèsonèl yo tandiske plant lan deja gaye nan mond lan depi plizyè milenè e anpil pèp itilize fason diferan deja. Limen sèvèl nou mezanmi epi pataje richès nou yo pami nou menm pou pwoteje lavi.
MEN BON BÈT:
Plant sa rele annikòn, men non serye plant lan se silikòn😉(pa poze m kesyon); gen kote nan peyi a yo rele l je bourik, grenn bèf, kakòn ou lyann kakòn, elatriye. Chache l sou non syantifik li: Entada gigas (L.) Fawc. & Rendle. SINONIM: Acacia scandens (L.) Willd., Entada gigalobium DC., Entada phaseoloides sensu León & Alain, non (L.) Merrill, Entada scandens (L.) Benth., Mimosa gigas L. , Mimosa scandens L.
Moun USA chache l sou sea bean.
ENGLISH : Mackay bean, Nicker bean, Saint John's bread, Sea bean, Sea heart, St. Thomas bean, Sword bean, Water vine Cacoon (SI Jamayik);
Fransè: Acacie à grandes gousses, Cacorne, Liane cacorne (Ayiti), Liane oua-oua, Liane-boeuf, Liane boeuf (nan Antiy yo), Coeur de la mer (Guadeloupe/Matinik).
Peyi panyòl oubyen si w
Sen Domeng: Caracol, Cayajabo Chocho, Samo Guacalote, Zamo
Kiba: Boja, Poa, Poja,
Kosta Rika: Habilla ,
Moun Brezil yo: Coração-do-mar, Fava-do-mar.
Moun an CHIN yo : 榼藤 Kē téng, 榼藤子 Kē téng zi (Taiwan), 鴨腱藤 Yā jiàn téng (Taiwan).
Si w Lawousi men pa w: Энтада гигантская Entada gigantskaia.
Redaksyon : Vye Ewol (Mediplant)