01/06/2022
*_.....Feuilleton..._*
*_L'amour et la Distance_*
_M pa yon mantè, em pa renmen promèt sanm pa kenbel, m dezole pou sam komanse kem pa fini, men kek fwam vle nou gade pi lwen ke sa nou imajine yo, kek fwa c pa fot mw, kek fwa c moman yo ki chanje nan menm, pa bliye nan yon moun ki chaje ak anje, ou oblije mache ak tan, M konn sak rele Depresyon_
*_Epizod 1_*
_Sou yon group WhatsApp, kote anpil bèl sijè tap debat, nou tap pale de tout bgy, kote chak jou fôk nou kite yon mesaj jis pou fè santi nou la, si non yap retirew nan group la, yon joul kite yon mesaj poul di kel pa santil nan pol e kel vle fini ak tout bgy, li di kel pa konn sal dwe fè, li santil brize, li santi anyen pa enpotan pou li ank, li deside mande yon konsèy, menl pa vrèman anvi di sal genyen vrèman, tou swit m antre nan box li, m dil_
*_Steeve🤴🏾_*: _Eskizem sim ekriw prive, c pa dwam, m pa konn kijan wap pran sa, siw trouvem dezod, tanpri ou k blokem, men avan kew fè sa dim kisaw genyen? petet m k edew jere sa, men wap padonem sim ta trouvem nan yon enpas kem pa k edew, si c prob kob, m prè poum edew, sa depan de kantite li yea_
*_Sabie🫅🏼_*: _Retirem nan lis fanm kew pansem yea, m pa gen poum diw anyen, premyeman sim t gen prob lajan m pa tap janm lague sa sou yon group, paskem konn kijan poum rezoud prob lajanm💵, m kwè nan travay, sa vle si c pa prob lajanm genyen, em sur kew pap k edem nan prob kem yea, paske c sèl saw k ofri, anyen ank_
*_Steeve🤴🏾_*: _m jis panse nenpot prob kew ta genyen, lajan t k edew rezoud li, c sam panse, si yon moun k ofri lajan, m panse c youn nan pi gro kalite_
*_Sabie🫅🏼_*: _Pou ou, men pa pou mw, paske lajan pa k rezoud tout prob, e pa bliye ke lajan pa k ht tout bgy, e lajan pa k ht yon fanm tankoum_
*_Steeve🤴🏾_*: _😂😂😂😂,ou fèm ri, banm diw bèl bb, aprann sa une bonne fois pour toute, *l'argent peut tout Achter, il suffit d'y mettre le prix*_
*_Sabie🫅🏼_*: _L'argent peut acheter le bonheur?, l'argent peut achter la vie?, L'argent peut achter l'amour?, parfois on a juste besoin d'un *Je t'aime*, d'un *Je serai toujours là pour toi*, d'un *tu es la seule personne qui compte à mes yeux*_
*_Steeve🤴🏾_*: _nn, lajan pa k ht bonè, men eske bonè pou vann? li pa k ht lavi men eske lavi pou vann? lajan pa k ht lanmou men eske lanmou pou vann? e kijan pral fè gen lanmou san lajan, kijan bonèa ap fè posib san lajan?_
*_Sabie🫅🏼_*: _Bye mesye_
*_Steeve🤴🏾_*: _c t pou mw yon plezi poum t retire kèk lide nan tèt yon inosan ki jis ap li nan timalis toujou, pase bon lannwit, paske demen ap yon long jounen pou mw_
*_Sabie🫅🏼_*: _pa pèmèt ou avèm tande ti gason, kiyès kap li nan timalis la?_
*Menm moman an *Steeve* *dekonekte,* *poul repozel, paskel t sot travay*
Menm moman an *Sabie* santil sèl, c vrel t santil pa byen, men ti dyalog sa t fèl santil itil, el t rejwenn li sa misye tap dil yo, men misye ale san konvèsasyon pa fini, otomatikman li santil pèdi, el di
*_Sabie🫅🏼_*: _ou antre nan box yon moun pou premye fwa, epiw mankel dega, ou vire dow wale? wa jwenn mw ank tande e map tou blokew paskew pa respekte moun_
*_mesaj non lu_*
*_Sabie🫅🏼_*: _sa vle di madanm ou pat la, ou tap ekrim, men kounyea li vini, ou dekonekte? m konprann..., map tou blokew pouw pa janm jwenn mw ank tande_
*_aprè yon ti tan_*
*Sabie* ap reflechi, li di
*_Sabie🫅🏼_*: _bon ki bgy stipid sa? sanble map fè jalouzi, yon moun m pa menm konnen menm, babm efase mesaj yo tande_
menm moman *Sabie* efase mesaj yo
_Sa konn rivew kèk fwaw konn santi solitid la tèlman profon, ou konn ap chache mwayen pouw jere sa, tout sak vini sou ou, ou konsiderel tankou c paw, ou konn vin telman posesiv, kek fwaw konn apret stipid, e c sak t rive *Sabie*_
*menm moman an Manmank relel*
*_Manman Sabie_*: _Sabieeeee_
*_Sabie🫅🏼_*: _wi manman_
*_Manman Sabie_*: ouvri pot la pou mw nn
*_Sabie🫅🏼_*: _ok manman_
menm moman an Sabie ouvri pot la pou manmanl
*_Ann li_*
*_Manman Sabie_*: _Bin Sabie saw genyen? depi matenw fèmen anndan yon chanm, ou pa janm soti? saw genyen pitit, pale ak manmanw_
*_Sabie🫅🏼_* _Manman, m pa gen anyen nn, m jis santim sèl, kèk fwaw pa la, papa pa la m tj ann kay sèl, m santim bezwen yon moun_
*_Manman Sabie_*: _m konprann ou pitit mw, paskew jèn, ou gen laj pouw gen yon moun nan viw, men li pa dwe nenpot moun, m pa k chwazi pou ou, c ouk dwe fè chwaw, nenpot sal yea nap resevwal, menm pa vlew soufri aprè_
*_Sabie🫅🏼_* _c sam pè tou manman, c sak fèm pa vle livre kèm_
*_Manman Sabie_*: _eske ou gen yon moun kap koze avèw, eskew gen youn ou renmen?_
*_Sabie🫅🏼_*: _non manman, m poko genyen kem renmen, paskew konnenm pa soti manman, em pa genyen kap koze avem tou_
*_Manman Sabie_*: _Nenpot lè sa ta rive, metem okouran chr_
*_Sabie🫅🏼_*: _ok manmi chr_
menm moman an manman an deplase lale
_Pandan tan sa, Yon zanmi Steevw relel.dirèk sou tlf li, poul esplikel yon bgy_
*Ann li*
*_Jude👦🏾_*: _mesye gade sam sot wè la menn, Banm rele *Steeve* poum mandel, paske nèg sa pa janm k tande bgy kap pase Ayisyen_
*_Tlf📱_*: Blinnnn, blinnn📲
*menm man an Steeve pran apèl la*
*epil di*
*_Steeve🤴🏾_*: _yow, sak gen la zoe_
*_Jude👦🏾_*: _ou genlè t gentan domi?_
*_Steeve🤴🏾_*: _non, m jis pozem pou domi k pranm, ou konnenm fenk sot travay_
*_Jude👦🏾_*: _an ok zoe, eskew pa wè sa kap pase sendomeng la baz_
*_Steeve🤴🏾_*: _nn, sak genyen?_
*_Jude👦🏾_*: _dominiken leve nan mouda Ayisyen wi baz, yap mande yo kite peyi a frèm, kisaw panse de sa zanmim?_
*_Steeve🤴🏾_*: _voye lyen an banm al gadel baz, aprè ma di sa panse_
*_Jude👦🏾_*: _ok baz map voye baw kounyea_
menm moman *Steeve* konekte, epi mesaj *Sabie yo monte*
*Sabie* ki pansel t siprime mesaj yo, men *Steeve* ki gen whatsApp GB epil wè tou sal di yo
epi menm moman an *Steeve* rele *Sabie*
*_Sabie🫅🏼_*: _kiyes kap relem la, banm gade_
menm moman an li wè c Nimero ki tap ekril talèa, epi kèl kase vap, lap di tèt li, kisal genyen? kisak fèl relem la, epi nan lè sa ank, kisal gen poul dim, antouka banm reponn li, epi
li di
*_Sabie🫅🏼_*: _Wi ako, m c kiyes_
*_Steeve🤴🏾_*: _wi, svp eskem k pale ak fiti madanm mw??_
*_Sabie🫅🏼_*: _ou tronpe mesye?_
epi menm moman an *Sabie* rakroche tlf nan
*_à suivre_*
*randevou ann 2e epizod la*
*pa bliye sèll fasonw k edem c komante e patajel ak zanmiw ki renmen li menm jan avew*
*_ou k bay avi paw_* *_ou k fè pase lide paw_*
*_L'amour et la Distance_*
*_Ecrit par: Authentique le Slameur_*
*tlf*: +529622597929