Etienne Louisjuste electricien et secouriste

Etienne Louisjuste electricien et secouriste Service en électricité bâtiment et industriels.Technicien en installation de vidéosurveillance,etc

06/06/2026

Ayiti – Nouvèl Zeland : Viktwa pou Grenadyèz yo!

Seleksyon nasyonal medam ayisyèn nan ranpòte yon bèl viktwa 2-1 devan Nouvèl Zeland gras ak reyalizasyon Kapitèn Nérilia Mondésir (45+3') ak Lourdjina Étienne (47'). Yon pèfòmans solid kote Grenadyèz yo te aplike ak disiplin plan jwèt antrenè prensipal la, Pia Sundhage.

Rezilta sa a vini rekonpanse efò kolektif ekip la epi konfime pwogrè seleksyon an pandan fenèt entènasyonal FIFA mwa jen 2026 la ki sèvi pou preparasyon dènye faz eliminatwa Koup di mond Brezil 2027 la.

Pwochen match la ap dewoule lendi 8 jen 2026 kont Gine Ekwatoryal, nan kad dènye randevou Ayiti nan fenèt entènasyonal sa a.

Ayiti 2–1 Nouvèl Zeland
Nérilia Mondésir (45+3')
Lourdjina Étienne (47')

06/06/2026

BON (VRAI) KONTRAKSYON PANDAN GWOSÈS

1. FREKANS : Frekans yon kontraksyon kalkile depi nan kòmansman yon kontraksyon rive nan kòmansman pwochen kontraksyon an. Pa egzanp, si premye kontraksyon an kòmanse a 8tè nan maten ak pwochen an a 8:10 nan maten, frekans kontraksyon an se 10 minit.

2. DIRE: Nonb tan (dire) yon kontraksyon kalkile depi nan kòmansman an jiska nan fen kontraksyon an. Pa egzanp, si yon kontraksyon kòmanse a 8tè nan maten epi li fini 30 segonn pita, dire li se 30 segonn. Dire yon kontraksyon anjeneral kalkile an segonn. Yo ka dire apeprè 30 segonn nan kòmansman travay la, epi ogmante piti piti a 90 segonn.

3. ENTÈVAL: Pwofesyonèl sante w la ka pale tou de entèval ant kontraksyon yo. Yon entèval kalkile soti nan fen yon kontraksyon pou rive nan kòmansman pwochen an. Pa egzanp, si yon kontraksyon fini a 8:01 nan maten ak pwochen an kòmanse a 8:10 nan maten, entèval ki genyen ant kontraksyon yo se 9 minit.

Pédiactu

06/06/2026

Pa met nan têt ou depi yon fanm fè bagay li kapab ansent fè bagay pa vledi wap ansent pou sa. chak grenn fanm sou latè gen 5 jou nan yon mois sil ta fè bagay yonn nan 5 jou sa yo si tout fwa li ovile gen posiblite poul tonbe ansent se sa nou rele: période fertilté de la femme. li gen 5 jou ladan'l pou plis.sa vledi 3 jou avan ovil lan libere sil fè bagay lap ansent epi jou ovil lan libere a ak kelkezè aprè ovil la fin libere a gen posiblite pou yon fanm ta tonbe ansent pandan moman sa yo. depi période sa fin pase fi an mèt tap plimen chak jou li pap ansent.sauf en cas d'ovulation spontanée. sa vledi kôw pa bezwen prepare pou sa nan nenpôt moman ou ka ansent swa akoz yon estrès oubyen akoz yon kè kontan. se yonn nan rezon ki fè cas viol yo tjr gen gwosès pi souvan se koz ovulation spontanée ki fè sa rive. m espere nou konprann
pa bliye like pataje mèsi

06/06/2026

Disputée au NU Stadium de Miami, vendredi, la rencontre entre Haïti et le Pérou constituait l'ultime répétition pour les hommes de Sébastien Migné avant leur entrée en lice dans la Coupe du Monde 2026. Face à une équipe sud-américaine expérimentée et mieux classée sur la scène internationale, les Grenadiers ont livré une prestation courageuse, mais insuffisante pour éviter une défaite (1-2).

Malgré ce revers, plusieurs motifs d'espoir demeurent pour la sélection haïtienne. Depuis plusieurs mois, les Grenadiers affichent des progrès constants, et cette rencontre a une nouvelle fois mis en lumière une équipe courageuse, déterminée et appliquée, particulièrement lors de la première période. Certes, la défaite fait mal, mais le staff technique pourra en tirer de nombreux enseignements précieux pour préparer la suite de la compétition.

À une semaine du premier match face à l'Écosse, Sébastien Migné semble désormais avoir une idée plus précise des joueurs sur lesquels il pourra compter et, aussi, du onze de départ qui débutera cette rencontre. Des joueurs comme Expérience et Pierrot ont marqué de précieux points, tandis que certaines interrogations subsistent encore au milieu de terrain et dans le secteur offensif, où des choix importants restent à faire.

Désormais, tous les regards sont tournés vers le Mondial. Malgré cette défaite face au Pérou, l'objectif reste inchangé pour Haïti : représenter fièrement sur la plus grande scène du football mondial et tenter de créer l'une des belles surprises du tournoi. 🇭🇹

✍🏽 Caleb Jephte Pierre

06/06/2026

Atansyon!!!!! men10 bagay poun pa fè avèk ti bebe ki fenk fèt yo ke ayisyen gen abitid renmen fè avèk yo ki pa bon ,ki nimewo ou pat konnen? Pa pase sou tèks sa sann pa pataje tèks sa

Yon ti konesans anplis ka sove anpil vi ti bebe pa neglije pataje pou plis paran a moun ki gen pou paran atenn e jwenn konesans

1- Pa sèvi a poud de talc , yo konn relel poud pou bebe, li trè an vòg ke yo itilize pou seche dèyè bebe yo, e pou bay bon sant lè n fin chanje bebe yo kouch, jounen jodya li dekonseye pwiske yo remake talc la ka bay bebe an pwoblèm poul respire, veye aske poud bebe nap sèvi yo pa gen talc

2- Pa benyen ti bebe yo a pwodwi pafime tankou
savon , chanpou, ben mousan ki pou granmoun, yo gen twòp ajan chimik, ki ka irite ti po frajil bebe an, prefere nou itilize ti savon a ti chanpou ki fèt pou bebe

3- Pou kòd lonbrit li ka sèch pou yo tonbe fò n pa kouvri kòd lonbrit ti bebe yo swa avèk swa daypè oubyen kouchèt poun pa konprime yo, fòn kenbe kòd lonbrit la sèk aprè n fin benyen yo ,sechel pou evite kòd lonbrit li enfekte

4- Pa janm kite bebe yo dòmi sou vant se sou do pou yo dòmi , paske si fas li jwenn a kabann nan lap toufe li pap gen ase fòs poul vire sou do, e se youn nan rezon ki koz anpil ti bebe mouri nan dòmi an Ayiti paske lakay nou , nou pa vle mete yo dòmi sou do nou konn di yap vale dlo dan, se pa vre paske depi bebe ap dòmi kantite saliv la diminye

5- Lè nap lave tèt bebe yo fè atansyon poun pa fwotè twò fò ti twou nou konn wè devan a dèyè tèt bebe yo,poun pa andomanje siti nan zo tèt li ki ka gen konsekans pi devan sou li,fwonte dousman , rensel, lèn ap seche tèt bebe yo , tapotel tou dousman avèk yon ti sèvyèt

6- Lè nap siye dèyè yo evite ti mouchwa imid santi bon yo, a koz de imidite ki genyen ladan yo , yo ka irite dèyè bebe yo ,pou evite sa byen siye dèyè bebe yo a yon ti sevyèt taponenl dousman epi byen seche dèyèl, pou netwaye ti pati jenital (koulout a ti bouboun) bebe an ,itilize dlo a savon ki fèt pou bebe, epi byen sechel a yon sèvyèt ki pwòp

7- Pa redi kale ti peni ti gason yo lèw ap netwaye peni yo, gen timoun ti peni yo pran tan pou kale , ou pa bezwen pè, yo gen jiska 3 zan poul kale pou kòl

8- Bebe an bezwen chalè se vre men pa kofre yo an Ayiti nou gen tandans kofre bebe yo a gwo rad nap di pou fè yo djanm, se sak fè nou konn wè yo gen yon bann ti bouton ki pouse sou yo sa nou rele fet chalè an , evite met twòp rad sou yo

9- Pa kite bebe yo dòmi a bibwon lèt nan bouch yo sa ap detwi emay dan bebe , an tan nòmal saliv la netralize tout asidite nan bouch bebe an , lè bebe an ap dòmi janm te di nou an kantite saliv la diminye li pa fè travay jan poul ta fèl ,se youn nan rezon nou konn wè anpil timoun gen dan kari

10- Pa bay bebe yo siwo myèl avan laj 1 an, siwo myèl yo konn gen spò mikwòb ladan yo ki ka san danje pou granmoun nan , pa kont yo konn devlope nan trip ti bebe an e bay sa yo rele "botulisme infantile " ki ra men ki ka touye ti bebe yo.

Like &pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

04/06/2026
04/06/2026
04/06/2026

Men tout saw dwe konnen de mabi , e efèl gen sou santew lèw bwèl

Pataje tèks sa pou plis ayisyen ka jwenn konesans sou li paske de jou an jou nap pèdi valè nou yo, poutan nap bwè lòt bwason kap nwi sante nou, e mabi nap minimize nan peyi an , nan karayib la yo rekonèt li kòm yon bwason ki pwòp avè yo, depi w vin nan karayib la oubyenw leve nan karayib wap tande pale de mabi oubyen bwèl kanmenm

Nap bwèl depi lontan men nou ka pa chèche gen ide de li, tradisyon fin ale Ayiti kounya moun ap inyore mabi jodya eben vin aprann sou li, gen peyi nan karayib la kap fè gwo kòb avèl,pandan nou pa bal enpòtans lan

yap konsomel depi sou tan zansèt nou yo, yo menm te konn pranl pou bese tanperati yo , lè yo santi fyèv, oubyen lè chalè rèd pou yo...
Mabi pa selman konsome Ayiti nan yo bal plizyè non nan karayib la tankou Maubi,maví, Ayiti nou rele Mabi

Gen peyi nan karayib fè lajan yo avèl tankou Trinidad pa eskzanp sòtil nan boutèy sou fòm bwason nòmalman e vann a lòt peyi nan mond lan e sa rapòte nan ekonomi peyi sa yo,

Nan lane 1900 li pral vin popilè nan karayib a koz de jan yo te konn ap vann li an , yon fi ki gen yon bokit kap pwomennen e ap vann moun tout laj, menm jan nou konn wè yo nan peyi an
ayiti ti machann mabi kap pwomennen mabi nou preske pa wè yo ankò , a koz nou pa vrèman bal enpòtans ankò nou plis konsome lòt bwason kap nwi sante nou...

Mabi son bwason natirèl ki fèt a baz bwa yo rele kòs mabi de yon plant ki se "Colubrina elliptica", avèk lòt engredyan tankou s*k,kanèl etc...Li rich a vitamin a minewo

mabi se defòmasyon" my beer " ki vle di "byèm" paske gou amè li an raple "bière de racine" ki li menm son bwason tradisyonèl

Moun konsome mabi anpil nan peryòd lèl fè cho tankou nan moman la pandann pral atake ete an paskel rafrechisan, depiw vin bwèl la ou santiw kalm ,dou. Men yo rekonèt lòt byenfè mabi tankou li bon pou:
-atikilasyon ki anfle
-pou bese to kolestewòl
-konbat dyare
-pou maladi s*k(mwen pèsonèlman m pap rekòmandel pou maladi s*k paske mabi gen yon gwo kantite s*k)

-an 2009 aprè etid ki mennen pa Kwame Amin ki se yon etidyan ki gen orijin li trinidad nan Borough of Manhattan community College, ki konkli ke mabi gen bèl efè pou ede konbat maladi tansyon, e lòt etid mansyone lèw melanjel a dlo kokoye efè an ranfòse

-li fè p**i anpil siw pral dòmi ou pa dwe bwèl lap fèw leve detanzantan

Nan rechèch pam m fè m pa wè yo di mabi pa bon pou fanm ansent ,m poze yon machann mabi kesyon sa tou li dim fanm ansent ka bwèl

Like & pataje pou plis moun ka jwenn konesans

Idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

21/05/2026

Âgé de 44 ans et 54 jours, Mikel Arteta devient le deuxième plus jeune entraîneur à remporter la Premier League, derrière José Mourinho, qui l’avait gagnée à deux reprises avec Chelsea : en 2005 (42 ans et 92 jours) puis en 2006 (43 ans et 93 jours) !

Adresse

Port Au Prince
Port-au-Prince
HT6110

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00

Téléphone

+50931909227

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Etienne Louisjuste electricien et secouriste publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Etienne Louisjuste electricien et secouriste:

Partager